Depi le mwen te tou piti
Mwen toujou konn ap siveye
Kile papa'm ap antre
Lem vinn grandi mwen gen lespri
Se le sa m'realise papa'm se mesye marye
Chak fwa pou'l rankontre'm se nan kache se nan sere
Se toujou avek dlo nan je
Chak fwa pou'l rankontre'm se nan kache se nan sere
Paske mwen se pitit deyo
Pitit deyo
Pitit deyo
Pitit deyo
Mwen di hey, mpa vle moun konprann map vinn defann vagabond
Se pa konn mpa konn papa'm pa gen reson
Men kisa'm fe poum mande padon
Madan marye voye pie, se tout dwa'l men'l pa panse
Mwen pat mande poum existe
Papa'm vle supote'm men madanm li oppose
I know why, paske mwen se pitit deyo
(Klass it is baby, yes it is baby)
(Nickson, aya man)
(Yes ay)
(Klass it is baby, yes it is baby)
Mwen konnen papa'm an tò
Paske'm se pitit deyò
Madan marye!
Tanpri ban'm yon ti chans
Se pa mwen kite mande fèt
E'm pa kwè papa'm regrèt
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Oh! se pa yon bagay ki fasil
Yon fwaye k' pa ekilibre
Manman'm pase mizè anpil
Dèfwa li gade'm li tonbe kriye
Kesyon mwen gen pou ou madanm
Kijan'w tap santi'w nan plas mwen?
Eske'w patap soufri?
Ou pa tap jemi?
Banm yon ti chans tanpri
Mwen konnen papa'm an tò
Paske'm se pitit deyò
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Se pa mwen kite mande fèt
E'm pa kwè papa'm regrèt
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Se pa yon bagay ki fasil
Yon fwaye ki pa ekilibre
Manman'm pase mizè anpil
Dèfwa li gade'm li tonbe kriye
Le mal est déjà fait madanm
Kijan'w tap santi'w nan plas mwen
Eske'w pa tap soufri?
Ou pa tap jemi?
Banm yon ti chans tanpri
Gen madan marye ki pa konsa
(Kalito, aya man)
Mwen di woy! woy! woy!
Gade mizè mwen!
Woy! woy!
Mwen di woy! woy! woy!
M'di gade touman mwen!
Woy! woy!
Epi tout moun repete sa konsa
Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann
Gen yon pakèt pitit deyò ladann
Gen yon bann timoun san papa ladann
Sa pa ladann, sa pa ladann
Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann
Gen yon pakèt pitit deyò ladann
Gen yon bann timoun san papa ladann
Sa pa ladann, sa pa ladann
M di li pa bon, li pa bon
Sa pa bon, li pa bon
(Oh, oh)
M'di li pa bon, li pa bon
Bagay sa pa bon, li pa bon(you know why)