Oh, oh
Gad kijan on moun anlè mesye!
Bon, sa k gen la pou kè w gentan tout kontan sa?
Tèt chaje
M awoyo
Voye chèche lajwa, lapè
Di yo m bezwen yo
M awoyo
Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo
Mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago
M awoyo
Di yo m chanje lavi mwen
Kite m an repo
Padone mwen si w pa tande m
Mwen te fè twòp tan ap viv yon vi ki pa vle m
Pwoblèm mwen yo fè m neglije w
Doulè mwen yo te twò wo pou mwen eksplike w
Sorry, se pa valè m pa konprann valè w
Men pou mwen ka byen
M oblije travay sou mwen
M awo, m awoyo
Lanmou
Daprè sa mwen byen konprann
Se pi bèl bagay nou genyen nan nou
Men trè souvan l kache dèyè mal ki la yo tou
Sa fè l difisil
Pou kè yon moun nan priyorite w
Lè pò w la pa la
M awoyo
Voye chèche lajwa, lapè
Di yo m bezwen yo
M awoyo
Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo
Mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago (m awoyo)
M awoyo
Di yo m chanje lavi mwen
Kite m an repo (m awoyo)
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
M awoyo
Si w pa ta la, si w pa ta la, adje (Bondye)
Bondye, m ap respekte chwa ou
Moun sa w ban m la, moun sa w ban m la, sa vre
M ape pran swen l pou ou
Jou n pa ta, jou n pa ta la, sa vle
Di lanmò fè n on move kou
Kounya nou la, ban m pwofite gate w (m awoyo)
Pa menm gen deba sou kijan w vin jwenn mwen
En très mauvais état
Ou wè, nan fon kè m, m te gen bon, ou tou ret la (m awoyo)
Malgre m te non tou, ou kenbe men mwen, men mwen
Ou rale mwen monte, nou goumen, nou sove pita
Ann soti a pitit nou, annou selebre sa
Mwen fin awoyo, mèsi pou sa
Si w pa ta la, si w pa ta la, adje
(M awoyo) cheri
En, de, twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
Wo-oh, cheri
En, de, twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
M awoyo